Sipòte Nou
Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) bay nouvo enfòmasyon ki ka pèmèt moun ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) epi ki gen lòd depòtasyon oswa ekspilsyon soti nan Tribinal Imigrasyon jwenn opòtinite pou yo regilarize sitiyasyon imigrasyon yo. Mizajou sa a enpòtan sitou pou moun ki te vwayaje ak otorizasyon gouvènman Ameriken an epi ki ta renmen vin rezidan pèmanan (green card).
Ki sa ki TPS?
TPS se yon estati imigrasyon tanporè gouvènman ameriken an bay sitwayen kèk peyi kote gen lagè, katastwòf natirèl, oswa kriz imanitè ki fè li enposib pou moun sa yo retounen lakay yo san danje. Pandan peryòd TPS la, benefisyè yo:
- Pa ka resevwa lòd depòtasyon,
- Ka jwenn pèmi travay (EAD),
- Men yo pa resevwa rezidans pèmanan ni sitwayènte otomatikman.
Sepandan, daprè nouvo gid USCIS la, gen kèk moun TPS ki ka jwenn viza imigran ak chèche green card, menm si yo te gen yon lòd depòtasyon oswa ekspilsyon.
Kiyès ki ka benefisye de nouvo opòtinite sa a?
Pou w kalifye pou w mande anile lòd depòtasyon w la epi fè demann pou rezidans pèmanan, ou dwe ranpli kondisyon sa yo:
- Ou dwe gen yon lòd depòtasyon oswa ekspilsyon devan yon tribinal imigrasyon.
- Ou te vwayaje ak otorizasyon pandan w te sou TPS epi ou te retounen Ozetazini legalman.
- Ou vle mande “ajisteman estati” (green card), oswa USCIS te refize demann ou paske w te gen lòd depòtasyon.
Sipòte Nou
Etap pou Moun ki Gen TPS ak Lòd Depòtasyon Mande Green Card
1. Fè demann pou lòd depòtasyon an anile
- Ekri Biwo Avoka ICE OPLA (ICE Office of the Principal Legal Advisor) epi mande pou fè yon “motion to reopen and terminate removal order“.
- Ou dwe voye prèv TPS ou, prèv vwayaj ou te fè ak otorizasyon, ak nenpòt lòt dokiman ki ka sipòte demann ou a.
2. Tann desizyon sou demann lan
- Si l aksepte: Tribinal imigrasyon an ap re-ouvri ka a epi anile lòd depòtasyon an. Apre sa, ou kapab fè demann pou green card.
- Si l refize: Konsilte ak yon avoka imigrasyon pou ou ka konnen ki lòt opsyon ou genyen.
3. Ranpli oswa refè Demann Green Card ou (Form I-485)
- Si se premye fwa w ap mande ajisteman estati: Ranpli fòm I-485 epi voye l bay USCIS ak tout dokiman nesesè yo.
- Si yo te refize fòm ou an sèlman akoz lòd depòtasyon ou a:
- Ou ka voye yon nouvo aplikasyon I-485, oswa
- Ou ka ranpli Fòm I-290B pou fè yon demand re-ouvè ka w la.
- Ekri “TPS Removal Order” sou premye paj I-290B ou an pou akselere pwosesis la.
4. Ale nan randevou biyometrik ou
Lè w soumèt aplikasyon w lan, USCIS ap ba ou yon dat randevou kote w ap bay anprent dwèt, foto ak siyati pou verifye idantite w.
5. Ale nan entèvyou ajisteman estati a
Si USCIS mande w pase yon entèvyou, se pou yo ka evalye kalifikasyon w pou green card la. Fè tout dokiman ou yo pare pou entèvyou sa a.
6. Tann desizyon sou dosye w
Si USCIS apwouve aplikasyon an, yo ap ba ou kat rezidans pèmanan w la (Green Card). Ou pral kapab viv ak travay Ozetazini legalman.
Bagay enpòtan pou w sonje
✔ Chèche asistans legal: Pwosesis la konplike. Yon avoka imigrasyon kapab ede w byen prepare ka w la.
✔ Kenbe tout dokiman ou yo: Prèv TPS, dokiman vwayaj ou, ak tout lèt ou voye ak resevwa.
✔ Fè tout demach ou yo vit: USCIS ap aksepte “motion to reopen” an reta men li pi bon pou w aplike pi vit ke posib.
✔ Fè atansyon ak kondisyon ajisteman estati a: Gen lòt kondisyon ou dwe satisfè pou ou elijib pou green card (ex: ou dwe “admissible” Ozetazini).
Konklizyon
Nouvo politik USCIS sa a bay anpil moun TPS yon opòtinite pou rezoud sitiyasyon imigrasyon yo epi vin rezidan pèmanan. Si w kalifye, swiv etap sa yo byen epi si sa nesesè, mande èd yon avoka pou byen prepare dosye w la.
Pou plis detay, ou ka li anons ofisyèl la sou sit USCIS la:
👉 uscis.gov