Sipòte Nou
Lanmò yon timoun 11 an ap sibi yon envestigasyon apre ke manman li fè konnen ke entimidasyon sou sitiyasyon imigrasyon fanmi an te mennen nan suicid li.
Jocelynn Carranza mouri nan 8 fevriye. Manman li di ke kamarad lekòl li t’ap chèche boukle pitit li, yo t’ap akize fanmi an ke yo pa legal nan Etazini. Manman an te di ke elèv yo te menase rele sèvis imigrasyon pou fè paran l’ depòte, sa ki ta kite Jocelynn pou kont li. Yon zanmi Jocelynn, Genessis Arnal, te dekri li kòm “trè bèl ak janti,” li te di, “Mwen te renmen li. Pratikman, lè mwen tande li te ale, mwen pa konnen, sa te kraze kè mwen. Sa fè m’ anpil lapenn.” Lè yo te mande li si li te tande timoun ap pale sou imigrasyon ak ICE, Arnal te di, “Wi, men se pa pou li. Se sèlman sou lòt moun mwen tande yo ap di ke ICE t’ap vini ak lòt bagay, men se sa sèlman mwen te tande.”
Arnal te ajoute li pa t’ okouran de okenn sipòrtasyon ki te fèt kont Jocelynn. “Mwen pa t’ konnen ditou. Si mwen te konnen, mwen ta di yo sispann, mwen pwomèt ou sa,” li te di.