Ohio Lanse yon Seri Videyo Anime pou Edike Kominote Ayisyen sou Lwa Kondwi

Ohio Lanse yon Seri Videyo Anime pou Edike Kominote Ayisyen sou Lwa Kondwi

Pataje Atik sa

Sipòte Nou

SPRINGFIELD, Ohio — Depatman Sekirite Piblik Ohio (ODPS) lanse yon nouvo seri videyo anime an kreyòl ayisyen pou edike kominote ayisyen sou lwa kondwi nan eta a. Seri sa a, ki fèt sou modèl yon pwogram edikatif popilè an Ayiti, vize ede imigran ayisyen yo konprann pwosesis pou jwenn yon lisans ak enpòtans sekirite wout la.

Yon Inisyativ Pèsonalize pou Kominote Ayisyen

Daprè Direktè ODPS Andy Wilson, inisyativ sa a se yon repons dirèk ak demann Gouvènè Mike DeWine pou mete plis resous edikatif disponib pou kominote ayisyen nan Springfield. “Nou te vle kreye yon zouti ki reyèlman rezone ak kominote a,” Wilson eksplike.

Jacob Payen, pòt-pawòl Haitian Community Alliance, eksprime rekonesans li pou efò sa a: “Lè nap gade videyo sa yo, nou pa t kapab kenbe souri nou. Sa montre ke yo vrèman panse ak kominote nou an.”

1- Sekirite Otobis Lekòl
Aprann plis sou lwa sekirite trafik otobis lekòl yo nan Ohio.

2- Permi Tanporè vs. Lisans
Gen gwo diferans legal ant yon pèmi tanporè ak yon lisans kondwi.

3- Defann Tèt ou Si w Gen Baryè Lang
Ou ka etidye pou lisans ou nan lang manman w.

4- Kat ID vs. Lisans
Yon kat idantite pa bay pèmisyon pou kondwi.

5- Pridans sou Motosiklèt
Aprann kijan pou pataje wout la an sekirite ak motosiklèt yo.

6- Sekirite Pou Pyeton Yo
Pyeton yo gen priyorite nan lari a.

7- Prudans sou Bisiklèt
Aprann kijan pou pataje wout la an sekirite ak bisiklèt yo.

Pataje Atik sa

Comments

No comments yet. Why don’t you start the discussion?

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *