Otorite yo Mande Moun Mache ak ID yo TOUT kote Yo Prale

Otorite yo Mande Moun Mache ak ID yo TOUT kote Yo Prale

Pataje Atik sa

Sipòte Nou

Otorite yo Konseye sitwayen ameriken yo pou toujou pote pyès idantifikasyon yo, pandan operasyon ranfòse Lapolis Imigrasyon ak Ladwàn Ameriken (ICE) ap ogmante atravè peyi a.

Konsèy sa a vini kòm konsekans ogmantasyon kontwòl imigrasyon yo, kote ICE ap fè plis entèvansyon pou idantifye ak arete moun ki san papye. Menm si operasyon sa yo vize imigran san dokiman, gen ka kote yo kanpe sitwayen ameriken oswa menm arete yo akoz yo pa t kapab pwouve idantite yo sou plas.

Pou evite sitiyasyon sa yo, otorite yo rekòmande tout moun, kit yo sitwayen oswa rezidan legal oswa imigran, pou toujou pote yon fòm idantifikasyon valab, tankou yon kat idantite leta, yon lisans kondwi, oswa yon paspò. Sa ap ede asire ke yo ka pwouve estati legal yo fasilman pandan entèraksyon ak ajan imigrasyon yo.

Sipòte Nou

Lòt Mezi ou dwe pran:

Fè foto enfòmasyon sa yo met sou telefòn ou.

Si ou gen resi TPS oswa Azil, plwayel met nan Pòch ou

Anplis de sa, avoka dwa imigran yo konseye moun yo konnen dwa yo epi chèche asistans legal si yo santi yo viktim de profilaj oswa arestasyon ilegal pandan operasyon ICE yo.

Pataje Atik sa

Comments

No comments yet. Why don’t you start the discussion?

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *