Sipòte Nou
Paris Collaborative ap envite elèv lekòl ki gen laj ant 10 ak 18 an pou prezante pwojè pilòt yon ide biznis, prèv konsèp yo, oswa pwojè yo deja aplike. Nèf (9) pi bon pwojè yo pral chwazi pou yon evènman vityèl prestijye ki ap dire twa (3) jou, kote elèv yo ap montre solisyon yo devan ekspè mondyal ak lidè endistri yo. Patisipan ki chwazi yo ka resevwa mantora eksklizif, ekspozisyon mondyal, ak opòtinite karyè nan men ekspè yo, e pi enpòtan, jwenn rekonesans entènasyonal.
Nan Paris Collaborative, plizyè jèn ki ak gwo ekspè mondyal yo pral ini volontèman pou ko-kreye solisyon pou defi ki pi konplèks nan zòn yap viv ye a. Soti nan chanjman klimatik rive nan povrete, inisyativ sa a fòme lavni an lè li bay timoun lekòl yo yon plas nan tab la.
Benefis:
- Evènman sa Gratis
- Prezante lide ou devan ekspè mondyal dirijan yo
- Resevwa fidbak valab ak mentorat
- Potansyèl estaj, mentorat, rekòmandasyon)
- Jwenn rekonesans entènasyonal pou lide ou
- Konekte ak yon rezo de lòt chanjè mondyal
Kritè kalifikasyon:
- Louvri pou elèv lekòl ki gen laj ant 10 ak 18 an
- Dwe gen yon lide orijinal, yon pwototip, oswa yon pwojè ki gen rapò ak tèm evènman an
- Konfòtab prezante lide yo an Angle nan yon prezantasyon 5 minit
Pwosesis Aplikasyon:
- Ranpli fòm nan sou lyen WhatsApp sa [Wap jwenn lyen an nan deskripsyon an #5] –> https://chat.whatsapp.com/ClO2OVCA3GmKJCr3eZcz3Q
- Soumèt detay sou pwojè pilòt ou, prèv konsèp, oswa pwojè aplike ou
- Kandida ki nan lis kout yo pral notifye via imèl ak telefòn
Dat limit aplikasyon: 15 mas 2025